Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Ki sa pale vle di ann Ayiti - Par Fabian Charles

Publié par Fabian Charles sur 20 Avril 2015, 12:48pm

Catégories : #CULTURE

Lè yon ekriven tankou Dany Laferrière, ki fèt ann Ayiti e ki pase jenès li nan peyi sila a, patisipe an 1999 nan emisyon Bernard Pivot ki te sou rapò ekriven gen ak franse andeyò peyi Lafrans, li fè temwayay nan emisyon sila a ki kalite rapò difisil li te gen avèk lang franse a pandan l ap viv Kanada. Nan emisyon sila a, ekriven ayisyano-kanadyen an ki genyen lang kreyòl pou lang matènèl montre ki jan te gen yon goumen nan nanm li ant lang franse a ki se lang Kebèk la ak lang kreyòl la ki se lang matènèl li. Jouk pale lang franse a fini pa touye lang kreyòl li a, dapre sa li di, ki se li ki te lang anndan li, vre lang pa l.1

Nou gen dwa poze tèt nou kesyon, sou ki jan fè pale yon lang fè rive touye yon lòt nan nanm ekriven sa a, e pou n ale pi lwen nan rechèch nou, ki sa 2 lang sa yo reprezante pou Ayisyen,  pandan ke yo tout genyen kreyòl pou lang matènèl e ke yo ka gen pou fè fas yon jou ak lang franse a ki se lòt lang ofisyèl Ayiti. Kon sa, nou pa pral fè yon analiz k ap chita sou lang la nan li menm. Men, nou pral plis sèvi ak sosyoloji pou nou analize ki sa sa enplike lè ayisyen pale franse oubyen pale kreyòl anndan sosyete yo a.

Dapre sa nou ka konstate nan sitiyasyon jodi a nan divès kote ann Ayiti, lang franse ak lang kreyòl la ap viv ansanm, e pi fò dokiman ki ekri e ke yo li yo, ke se nan zafè woman, ke se nan zafè lekòl oubyen lòt dokiman nan gwo enstitisyon ke nou pa site, se nan lang franse yo ekri. Men tou nou kapab konstate ke gen anpil jefò ki fèt pou bay lang kreyòl la jarèt, sitou nan dokiman ofisyèl epi nan echanj oral ki genyen nan medya ak nan diskou politisyen yo. Sa pa t toujou kon sa.

Nou ka di, si nou vle pran 2 pozisyon kontrè ki manifeste nan sosyete a, san sa pa vle di moun pa ka gen lòt pozisyon. Nou kapab di,  moun ki vle konsève enpòtans lang franse a ann Ayiti kapab deplwaye kòm agiman ke lang franse a se yon biten nou pran nan lagè kont Lafrans e ke se lang sa a ki pèmèt nou louvri sou nechèl entènasyonal. E nou kapab di tou, moun ki vle chanje sitiyasyon sila a e bay kreyòl la yon plas santral, kapab deklare ke franse se pa lang matènèl nou oubyen tou ke se yon lang etranje, kidonk li pa ta dwe jwe wòl li jwe nan sosyete a.

Eben, pou nou poze pwoblèm sa a, nou pral fè yon analiz ki endepandan e ki orijinal pandan n ap voye kèk kout je sou kèk zèv sosyològ ak lòt spesyalis pou nou byen chita lide n ap pwopoze yo. Prensipalman, nou pral voye kèk kout je sou zèv Pierre Bourdieu ki ekri yon tèks ki rele Ki sa pale vle di, pandan n ap poze kesyon sa a : ki sa pale vle di ann Ayiti?

Menm si nou ta gen yon dal lane pou ekri atik sa a, sijè sa a poko prèt pou l kaba, kidonk nou p ap ka abòde tout aspè ki konsène l nan redaksyon sila a. E n ap gen pou kontinye ekri sou li. Pou kounye a, nou pral abòde sijè sa a nan 2 gwo pati, premye pati a se ki sa pale franse vle di ann Ayiti e dezyèm la se ki sa pale kreyòl vle di ann Ayiti.

Nan premye pati a, ke nou pral divize an 3 pwen, nou pral gade ki sa nou antann pa lang lejitim e èske nou ka bay lang franse a tit sa a, ki sans senbolik li genyen nan chan sosyal Ayiti a, e vyolans senbolik li kapab fè sou yon lang ki pa ta lejitim, epi tou, ki estati legal ak akademik lang sila a.

Nan yon dezyèm pati, nou pral fè deskripsyon sa yo rele lang pèp e wè ki jan gen moun ki klase lang kreyòl la nan kategori sila a alòske lang kreyòl la se lang tout ayisyen, nou pral montre tou ki pwoblèm lejitimite lang kreyòl la gen nan nivo entènasyonal epi tou nou pral poze tèt nou kesyon sou ki sa ki anpeche lang kreyòl la gen plis valè nan sosyete nou an.

 

LA SUITE sur le site de POTOMITAN

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents