Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Lu sur le net, ces quelques questions pertinentes signées d'un militant engagé ( en créole)

Publié par Abderrhaman,militan angaje. sur 4 Décembre 2018, 18:29pm

Catégories : #AYITI ACTUALITES, #AYITI EXTREME DROITE, #AYITI ROSE RAKET, #AYITI ECONOMIE, #PEUPLE sans mémoire...

Pou afebli batay opozisyon an, sektè demokratik la, pouvwa angaje yon seri radyoman joudalis kowonpi pou fè sikile tout vye koze sou do palmantè ki nan opozisyon an avèk tout lòt lidè ak militan enfliyan nan sektè a k'ap goumen pou libere peyi a anba pouvwa kowonpi PHTK a, boujwazi salòp, kowonpi, mesken ki sòti nan mwayen - oryan an k'ap souse san pèp la. Pèp ayisyen kale je nou. Kiyès ki te konbat bidjè kriminèl PHTK a nan palman an? Ki ka nou si Senatè CHERAMY (Don Kato) pa't nan sena a pou chire bidjè sa a? Jounen jodi a pèp ayisyen an dwe sonje ke se menm moun sa yo ki te kanpe an kwa lè Jovenel ak ekip PHTK a te pran desizyon pou ogmante 14 dola sou yon galon gazolin nan mwa jiyè 2018 la. Malgre sa nou wè menm moun ki soti nan mas pèp la ap atake nèg ki soti nan menm klas sosyal avèk yo nan enterè moun ki anpeche gen egalite ak jistis sosyal nan peyi a, men se pa fòt yo paske pavni toujou konsa, men nan non sosyete a, n'ap poze yo kesyon sa yo e n'ap mobilize pou tann repons :

1_ Kiyès ki o pouvwa e ki gen kontwòl dwàn kote zam ak minisyon ap debake pa bann ak pa pakèt nan peyi a ? Sektè demokratik la oubyen ekip mafya PHTK a ?

2_ Pi gwo kagezon zam ki te debake nan dwàn Sen Mak la nan lane 2016 pou kiyès li te ye? Moun nan ki sektè nou wè ki kòmanse pran prizon nan dosye sa a?

3_ Si tout bon vre yo konnen gen zam palmantè opozisyon an ap distribiye poukisa yo pa mennen bon jan ankèt pou idantifye, dezame epi arete kòm sa dwa swa dizan moun ki te resevwa zam sa yo kòm se yo ki gen pouvwa pou sa?

4_ Ansyen Direktè Jeneral la polis sou administrasyon Martelly a nan prizon jounen jodi a pou kesyon zam sa yo kiyès ki te nome li e ki sektè li t'ap sèvi fidèlman ?

5_ Poukisa près la toufe dosye sniper ki te loudman ame ki t'ap tire pitit tèt pèp la nan tèt sèlman pandan evenman 18, 19, 20, 21, 22, 23 novanm ki sot pase la a? Poukisa près ipokrit la, radyoman kowonpi pa janm devwale kòmanditè masak la salín nan nou sonje ki te rive apre vizit premyè Dam nan Martine Moïse?

6_ Poukisa ni radyoman kowonpi yo, ni prezidan san kolòn vètebral sena Repiblik la, ni senatè ganstè PHTK a yo pa janm pale de iminite senatè sid la, mouche Richard Lénine Hervé Fourcand pou pèmèt la polis mete men nan kòlèt li pou ekstrade li Etazini jan anbasad amerikèn ak depatman d'eta egzije sa pou enplikasyon li nan dosye zam ki te debake nan dwàn Sen Mak la paske li te gen machandiz nan kagezon an epi pou trafik dwòg? N'ap raple senatè sila a te toujou tout kote ak Jovenel nan kanpay e se li tou ki te konn bay enkilpe a woulib avyon tou.

7_ Poukisa se apre Bob C tounen nan radyo karayib apre li te fi'n anonse retrèt li ke li anonse gen zam senatè opozisyon an Nènèl Cassy ap separe? Ebyen se apre Bob C ak Jovenel te fi'n chita ak Martelly nan petro kay bò lanmè a Miki ak enkilpe bay misye presyon yo ba li yon fizi M4 ke nou toujou tande misye ap di li genyen an ak 35 mil dola ameriken pou li tounen nan radyo a ak lòd pou lage yon dosye sou do chak lidè ki nan opozisyon an pou fè yo pèdi konfyans popilè a epi mete dlo nan diven yo, sa ke yo pap janm wè

8_ Poukisa menm près sa a sitou Bob C toufe dosye sniper Jovenel yo ki t'ap tire pèp la nan tèt sèlman pandan evenman 18, 19, 20, 21, 22, 23, 24 novanm 2018 la?

9_ Ki sektè ki te disparèt Evinx Daniel apre Komisè Jean-Marie Salomon ki senatè sid jounen jodi a te fi'n arete li pou trafik dwòg kote li te deklare Prezidan Martelly te gen yon pati nan machandiz la tou? N'ap raple pou moun ki bliye ke se Martelly an pèsòn ki te desann al rekipere pati dwòg pa li a nan otèl Evinx Daniel la Okay. E dapre jounal Haïti Observateur se Jovenel Moïse ki prezidan kounye a menm ke Martelly te konfye misye misyon pou tiye Evinx Daniel zòn Ma Wouj.

10_ Kote kòb petrocaribe a ? Ann pa kite pesonn blofe nou paske radyoman, joudalis isit soti pou pran pèp la pou makak e se yon devwa pou nou tout fè mesaj sa a pase. N'ap tounen pou lòt gwo dosye pou klere lantèn inosan nan peyi sa a ke nèg isit konprann yo ka fè pran direksyon yo vle pou defann enterè pèsonèl yo.

Abderrhaman, militan angaje.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents