Dabò, mwen konplimante nou pou inisyativ nou pran antanke jèn pou rankontre jouk nan TiGwav pou reflechi epi vini ak pwopozisyon de sòti de kriz la. M kontan wè kouman nou anime de trè bòn volonte ak bònfwa nan demach refleksyon ak analiz sou sitiyasyon politik, ekonomik ak sosyal peyi a. Analiz nou yo montre nou rive sezi ann esans pwoblèm peyi a menm si nou pa rive poze yo antèm de klas ki se an fèt ne gòdyen kesyon an.
Sepandan, mwen gen yon dezakò ak sèten nan pwopozisyon nou prezante yo, asavwa, pwen 2.1, 2.2, 2.3, 2.4, 2.6, epi ak demand pou opozisyon an bay gouvènman an yon moratwa yon lane a. Mwen pa tap gen pwoblèm ditou ak pwopozisyon sila yo si nou te ann afè ak de moun ki gen bòn fwa men ki objektivman ap fè de erè yo pa ta renmen fè e kap chache mwayen ak antrèd pou sòti nan sitiyasyon an.
Nou ann afè ak yon rezo mafya bèk fè, mezanmi. Yo pa sèlman enkonpetan, men yo gen movèz fwa tou. E tout sa yap la yo se yon chwa volontye pou kraze peyi a, ak pèp Ayisyen an pa tout lè mwayen. Moun opouvwa sa yo se de vrè reyaksyonè chevwone, rasi ak pouri nètalkole e ki mete ansanm ak sektè prive a pou peze souse pèp Ayisyen jouk nan zo. Kòmsi, nou pa wè sa?
Malerezman, pwopozisyon sila yo pral sèvi inikman pou mare 2 men nou ak 2 pye nou nan pye tab bann voryen, magouyè, kowonpi, vòlò opouvwa sila yo pandan yap kontinye fè menm tenten yap fè la yo. Tanpri, evite fè de pwopozisyon ki pral dezame nou, dezame pèp Ayisyen nan batay pou chanje radikalman sitiyasyon enfra imen klas dominan reyaksyonè yo, politisyen abolotcho yo ak peyi kolon enperyalis yo mete nou an.
Tout lòt pwopozisyon nou yo solid e potansyèlman kapab pote bon jan kontribisyon nan rezolisyon kriz la. Nou dwe genyen klè nan tèt nou kriz la pap rezoud ann oken ka ak rezo mafya sa a opouvwa. Ak tout movèz fwa yo a, enkonpetans yo, kriminalite yo, antanke asasen, koriptè, vòlò, yo panse yo dwe kenbe pouvwa a pou 30 tan omwen. Se sa ki nan tèt yo. Pinga nou jwe ak bagay serye non.
bèk fè, mezanmi. Yo pa sèlman enkonpetan, men yo gen movèz fwa tou. E tout sa yap la yo se yon chwa volontye pou kraze peyi a, ak pèp Ayisyen an pa tout lè mwayen. Moun opouvwa sa yo se de vrè reyaksyonè chevwone, rasi ak pouri nètalkole e ki mete ansanm ak sektè prive a pou peze souse pèp Ayisyen jouk nan zo. Kòmsi, nou pa wè sa?
Malerezman, pwopozisyon sila yo pral sèvi inikman pou mare 2 men nou ak 2 pye nou nan pye tab bann voryen, magouyè, kowonpi, vòlò opouvwa sila yo pandan yap kontinye fè menm tenten yap fè la yo. Tanpri, evite fè de pwopozisyon ki pral dezame nou, dezame pèp Ayisyen nan batay pou chanje radikalman sitiyasyon enfra imen klas dominan reyaksyonè yo, politisyen abolotcho yo ak peyi kolon enperyalis yo mete nou an.
Tout lòt pwopozisyon nou yo solid e potansyèlman kapab pote bon jan kontribisyon nan rezolisyon kriz la. Nou dwe genyen klè nan tèt nou kriz la pap rezoud ann oken ka ak rezo mafya sa a opouvwa. Ak tout movèz fwa yo a, enkonpetans yo, kriminalite yo, antanke asasen, koriptè, vòlò, yo panse yo dwe kenbe pouvwa a pou 30 tan omwen. Se sa ki nan tèt yo. Pinga nou jwe ak bagay serye non.
/https%3A%2F%2Fi0.wp.com%2Frezonodwes.com%2Fwp-content%2Fuploads%2F2018%2F12%2FIMG_4847.jpg%3Ffit%3D960%2C498%26ssl%3D1)
Des jeunes professionnels s'unissent pour proposer une sortie de crise
Des jeunes citoyens engagés, issus de divers horizons, ont tenu à Petit-Goâve, du 30 novembre au 2 décembre 2018, une retraite pour réfléchir et proposer une sortie de crise pour le pays Jeud...
https://rezonodwes.com/des-jeunes-professionnels-sunissent-pour-proposer-une-sortie-de-crise/
Commenter cet article