Doktè Raoul ak sè Gras gen plis pase 30 lane depi y ap fè metye rale moun nan
Altagrace Jacques gen 52 lane. L ap manyen moun ki gen doulè depi li te tou piti. Yo ba li ti non sè Gras; li soti nan yon fanmi katolik Gonayiv. Nan lane 1990, li vin abite Pòtoprens, nan mòn lopital. Li te tou konvèti nan relijyon pwotestan, se poutèt sa a yo rele l sè Gras la. Jiskaprezan, li pa janm chanje ni relijyon, ni adrès.
Yon baryè tòl separe kay li ak lari a. Lè w antre, ou jwenn yon eskalye ki bay sou yon bann plant, tankou pye seriz, pye sitwon, pou rive finalman lakay sè a. Sè Gras pa bezwen anpil bagay pou l travay.
Li di: « Depi kliyan an vini, m mete l kouche atè epi m manyen. Konsa tou kliyan an ka pa deplase li menm, li jis mande m pou m vini. » Se pa ni nan liv, ni sou ban lekòl Altagrace Jacques aprann rale. « Se pandan m ap dòmi mwen aprann fè tout sa m konn fè yo », li ajoute.
Sè Gras di li pa sèvi lwa malgre fanmi l te swete sa a. Paske l te di l vle medsen fèy pandan li te timoun, fanmi l te di l pa ka senp. Men manm Legliz de Dye Ridisant la di se lespri sen ki gide l nan tout travay li.
Suite dans le lien.
/https%3A%2F%2Fayibopost.com%2Fwp-content%2Fuploads%2F2021%2F01%2F001-Soeur-Altagrace-Jacques-janvier-2021-c-valerie-baeriswyl-HD-2R6A8654-675x450.jpg)
Kèk ti sekrè nan metye rale an Ayiti
Doktè Raoul ak sè Gras gen plis pase 30 lane depi y ap fè metye rale moun nan Altagrace Jacques gen 52 lane. L ap manyen moun ki gen doulè depi li te tou piti. Yo ba li ti non sè Gras; li soti...
Commenter cet article