Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


KOLOK NASYONAL IJAN KONT DAPPIYANP SOU TE AN AYITI.

Publié par siel sur 22 Mars 2021, 21:42pm

Catégories : #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #AYITI ECONOMIE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

KOLOK NASYONAL IJAN KONT DAPPIYANP SOU TE AN AYITI.
KOLOK NASYONAL IJAN KONT DAPPIYANP SOU TE AN AYITI.
KOLOK NASYONAL IJAN KONT DAPPIYANP SOU TE AN AYITI.

1 – YON TI RALE SOU KONTEKS LA. 

Estratèj sistèm kapitalis la mete kanpe pou chèche sove sistèm lanmò sa anba kriz sou kriz li kreye  ak politik neyoliberal yo ki echwe, yo mete kanpe yon nouvo plan ki rele EKONOMI VET. Ekonomi vèt la, se fè dappiyanp sou resous natirèl planèt la. Depi plan sa fin tabli gwo peyi kapitalis yo ak miltinasyonal yo deside vare sou tè toupatou sou latè men espesyalman an Afrik ak Amerik latin lan. Yo deja envesti plis pase 100 milya dola nan achte tè. Genyen plis pase 100 milya ki disponib pou kontinye achte tè toupatou.

Nan peyi d Ayiti, yonn nan pwoblèm istorik nou yo se zafè tè yo ki te mal separe depi lendepandans. Pwoblèm sa pran tout kalite fòm depi lanmò papa Desalin. Men nan dènye tan yo, sitou depi rejim PHTK a, gouvènman yo deside vann, deside fè kado peyi a bay miltinasyonal yo pandan yap cheche jwenn moso pa yo. Se konsa, depi Martelly te fin di : Peyi a louvri pou biznis lan, nou te tradwi sa li te vle di a pi klè : Peyi a pou vann. Depi lè sa zòn franch fè kenken. Yo vare sou Nòdès ak zòn franch endistriyèl, zòn franch agrikòl epi gwo chabrak nan pouvwa a deside chase peyizan yo sou tout tè leta yap viv sou yo. Se yon konplo ki gen otorite nan tout nivo jis rive nan Palè nasyonal.

Dappiyanp sou tè yo pran fòm vyolant tankou lè yo tap chase plis pase 600 fanmiy pou yo te kreye nèg bannann lan nan OtwoudiNò, tankou lè yon gang PHTK antre nan fèm Koperativ Pwodiksyon Agrikòl Bonnman (KOPAB) nan Tèrye Wouj kote yo vòlè, yo kraze, yo brize, koupe tout pye bwa epi separe tè a antre yo ; tankou dènye vitès yo pase nan zòn Basen bèf nan fèm Papay kote yo rekòlte jaden peyizan yo , bat moun, kraze kay epi dekoupe tout tè yo pou yo vann bay gwo zotobre. Se ajan ekzekitif enterimè Jovnèl la ki voye fè travay sa. Depi 2 semèn peyizan yo anba pèsekisyon anplis tout jaden yo ki disparèt. Nan Savann dyann Jovnèl deside kreye ak Apaid yon zòn franch agrikòl sou plis pase 14 000 kawo tè pou pwodwi yon sik ki rele Stevia pou kokakola.  Yo chase Fanm SOFA yo sou yon tè Ministè agrikilti te ba yo pou fè agrikilti. Sa se twòp nan yon peyi kote se manje pèpè kap taye banda.

Pwojè PHTK ap ekzekite a se yon pwojè eliminasyon klas peyizan an. Ansyen minis agrikilti sou Martelly, Fresnel Dorcin te di nan yon konferans Ench : M pral retire tè Papay yo nan men peyizan yo pou bay gran nèg ki gen lajan. Se menm pwojè okipasyon 1915 lan kap vale teren. Martelly se te yon kòmandè ki tap ekzekite lòd enperyalis. Jovenel ranplase l pou konsolide pwojè enperyalis la ki se dappiyanp sou tout resous narirèl peyi a. Yo bezwen mete peyizan deyò sou tout tè agrikòl yo, yo bezwen fè yo tounen ouvriye nan zòn franch agrikòl ak endistriyèl kote yo pa fouti defann dwa yo kòm travayè. Yo bezwen pran tè yo pou vin eksplwate min peyi a.

Pwojè enperyalis la, pwojè kolonizasyon peyi a ap pran fòm pi vyolan chak jou. Se sa ki esplike tout vyolans kap fèt pou PHTK foure yon konstitisyon enperyalis la prepare pou Ayiti, yon konstitisyon kap pèmèt dappiyanp sou tè yo pi fasil; se sa ki esplike pike devan kap fèt pou reyalize maskarad eleskyon kap pèmèt apre PHTK se PHTK kòm bouwo pou bwè san peyizan yo, bwè san mas popilè yo pou kreye lapè simetyè nan peyi a pou ekzekisyon plan an fèt an dous.

Pwojè ekstèminasyon peyizan yo inakseptab. Peyizan yo pa fouti kwaze bra yo anfas pwojè lanmò sa. Jan yon peyizan nan Nòdès te di nou : Si nou pa parèt nap disparèt. Pou nou pa disparèt, fòk nou leve kanpe, fòk nou pale fò, fòk nou òganize yon rezistans kolektiv. Rezistans kolektiv sa mande solidarite tout sektè nan lavi nasyonal la kap goumen pou yon AYITI GRAN MOUN.

2- KOLOK NASYONAL KONT DAPPIYANP SOU TE.

Pou kòmanse bay yon repons a pwojè eliminasyon klas peyizan an, MPP ak MPNKP pran  inisyativ lanse yon kòlòk nasyonal kont dappiyanp sou tè. Yon kòlòk konsa ta mande anpil preparasyon, anpil planifikasyon men nou kwè moman peyizan Papay yo nan batay kont gang PHTK yo se yon bon okazyon pou anpil viktim dappiyanp sou tè nan peyi a fè tande vwa yo devan nasyon an, devan lemond antye. Aktivite sa ap fèt an kolaborasyon ak lòt òganizasyon 4G Kontre yo, CLOC-VIA CAMPESINA, SOFA, PAPDA. Nap envite plizyè òganizasyon kap defann dwa moun nan peyi a. Nap envite laprès nasyonal ak entènasyonal.

Kòlòk la pral fèt nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo : SANT LAKAY nan Papay soti 18 pou rive 20 Mas 2021 an. Envite kap soti nan tout depatman yo ap rive Papay 18 nan apre midi. Jounen 19 la se Kòlok la kote nou pral genyen kèk entèvansyon sou dappiyanp sou tè  ak konsekans yo pou fanm ak gason peyizan yo, pou peyi a. Majorite tan pral konsakre a temwayaj viktim yo kap soti sitou nan Nòdès, Nòdwès, Latibonit, Sid ak Plato santral. Men se tout 10 depatman yo kap patisipe.

20 Mas nap reyalize yon gwo mach kont dappiyanp sou tè, kont PHTK ak enperyalis la ki pral fini nan Basen Bèf kote kriminèl PHTK kraze jaden peyizan yo, lote tè yo. Rezistans lan deja angaje nan Basen Bèf. Nou pral montre peyizan sa yo peyi a solidè ak yo.

Nou espere kòlòk sa pral yon siyal nasyonal Rezistans peyizan yo pou LAVI. Nou antre nan won san baton paske se pa yon kòlòk nou te gen tan pou chèche resous pou reyalize l. Men fòk li fèt. Nou lanse apèl a tout patnè nou yo, tout òganizasyon ki nan batay la pote kole jan yo kapab paske se anviwon 150 delege nou pral resevwa. Nou mande tout òganizasyon ou enstitisyon envite ki kapab sipòte transpò yo totalman ou peye yon moso pou yo ta fè sa. Nap degaje nou peye pou moun ki pa gen tan mobilize mwayen pou sa. Tout kontribisyon òganizasyon yo an lajan ou an pwodwi agrikòl natif natal byenvini.

Nou konte sou patisipasyon tout moun pou nou bay yon siyal fò, yon siyal klè peyizan yo pap bay legen. Chak òganizasyon ou enstitisyon ap resevwa ak ti dokiman sa konbyen delege lap kapab voye. Kantite delege yo ap limite ak mwayen nou rive mobilize nan ti tan kout sa.

Pou MPP ak MPNKP :

Chavannes Jean-Baptiste Pòt Pawòl.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents