It's propaganda 101.
"Accuse the other side of that which you are guilty."
- Joseph Goebbels
("Akize lòt bò wa bagay sa yo ou menm ou koupab.") Ki moun Ayiti ki pa tande e konnen kote krim sa yo soti, gwo chèf ak ti chèf bandi yo ? Majorite Ayisyen konnen.
Twòp krim nan peyi sa ! Twòp krim ! Bann Vòlè mimi meow Petro Caribe chita nan salon lakay pa yo ap bwè bon "du vin", manje bannann peze ak griyo apre yo fini simaye gwo zam fann fwa bay yon bann jèn gason nan Pòtoprens ak anviwon li pou touye, elimine sitwayen ayisyen k ap manifeste pou mande JISTIS ! Respekte Konstitisyon 1987 la ! Lè se pa kidnapping, se boule kay malere, tiye malere, boule malere, tiye yo ak bal.
Twòp krim nan peyi sa ! Twòp krim ! Se pate janm popilasyon ayisyen kite mande bandi Tèt Kale Vid yo pou yo vòlè lajan Petro Caribe; se pa popilasyon ayisyen kite anpeche pouvwa Tèt Kale Vid yo pou pa fè eleksyon nan moman yo te dwe fèt !
Mesye Dam chita nan salon lakay yo byen alèz ap bwè "du vin" k ap voye fè tout krim sa yo, y ap genyen pou peye sa yon jou tankou jodya.
Twòp krim nan peyi sa ! Twòp krim ! Sispann KIDNAPPER ! Sispann TOUYE ! Sispann BOULE MOUN ak KAY ! Se pa krim sa yo ka p fè anpeche JISTIS sèvi.
JISTIS pap janm mouri !
Libere Dr Jenny Edouard Pierre-Lys ak pitit li ! LIBERE TOUT MOUN !!!
RH2012
5/2/2021
Commenter cet article