Komite Mobilizasyon kont Diktati ann Ayiti (KOMOKODA)
208 Parkside Ave.
Brooklyn, NY 11226
Gaye Prese Prese
Kontak: Dahoud Andre, 347-730-3620
Marie Lourdes St Jean Beauté, 917-345-2817
Madi, 3 me 2021: Manifestasyon Kominote Ayisyen an devan Konsila Lafrans nan New York
Aba Lafrans kòm Peyi Enperyalis!
Aba Patisipasyon Lafrans nan Kò Gwoup la!
Lafrans Dwe Ayiti 29 Milya Dola Vèt plis Reparasyon pou Esklavaj!
Viv Ayiti Lib epi Granmoun Tèt Li!
Sa k ap fèt: Manifestasyon jodi a, Madi, 3 me 2021, 11am pou rive 2pm
Ki kote: @ Konsila Lafrans nan New York
934 Fifth Avenue, New York, NY 10021
5yèm Avenue ant ant 74yèm ak 75yèm Streets nan Manhattan
Tren # 6 desann nan 77th Street; Mache rive nan 5th Avenue, ant 74 ak 75
KOMOKODA ap manifeste jodi a devan Konsila Lafrans nan Manhattan pou n denonse wòl peyi sila a nan Kò Gwoup la k ap mennen yon politik pou tchwe tout Ayisyen nan peyi a epi pou n fè lemond antye sonje Lafrans dwe Ayiti 29 milya dola vèt pou restitisyon dèt lendepandans la epi anplis yo dwe reparasyon pou lesklavaj yo te fè sou zansèt nou yo nan Sendomeng.
Kò Gwoup la se yon mafya peyi ak enstitisyon sousèt Etazini te mete kanpe apre yo te fè koudeta kidnaping sou Prezidan Aristide la an 2004. Se te yon mannigèt pou yo te kache dominasyon yo sou peyi nou ak yon kouvèti entènasyonal. Se 9 peyi ak enstitisyon ki nan Kò Gwoup la jounen jodi a. Li gen Anbasadè Etazini, Lafrans, Kanada, Brezil, Almay, Lespay, ak Inyon Ewopeyèn epi li gen sa yo rele Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini ak Sekretè Jeneral OEA.
Yo fè yon eleksyon pike kole nan lannen 2016 pou yo te kenbe tchoul apatrid PHTK yo opouvwa ak Jovenel Moise kòm prezidan. PHTK sèvi ak masak nan katye popilè yo, kadejak, kidnapin pou teworize popilasyon an epi yo pa sispann fè dappiyanp sou resous peyi a. Malgre manifesyasyon santèn milye moun ki pran lari ak plizyè peyi lòk, PHTK pa briding paske Etazini ak Kò Gwoup la kontinye kore bannann yo.
Vin ede nou kore pèp Ayisyen an ki nan lari a k ap goumen pou liberasyon l ak emansipasyon l.
Manifestasyon jodi a ap fèt nan kowòdinasyon ak Kowalisyon Leve Kanpe ak Ayiti ki te òganize mobilizasyon “Jounen Solidarite ak Ayiti” yo nan 14 vil atravè mond lan.
N ap pran okazyon an pataje yon ti enfòmasyon anpil moun ka pa konnen: An 1825, Charles 10, chèf peyi Lafrans rale kouto l pou fòse Ayiti peye Lafrans 150 milyon Fran lò pou yo te ka rekonnèt endepans Ayiti. Anplis Ayiti nan tout pwodui Ayiti t ap vann li te gen pou ofri Lafrans yo anpremye epi li te blije vann Lafrans sa yo te vle achte yo pou mwatye pri. An 1803, Lafrans vann Etazini sa yo rele “Teritwa Lalwizyàn” nan pou 80 milyon Fran lò. Teritwa Ayiti a mezire 27, 750 kilomèt kare pandan “Teritwa Lalwizyàn” nan limenm mezire 1 milyon 140 mil kilomèt kare epi li vin plis pase double espas Etazini te reprezante an 1803 a. Li vin bay Etazini Arkansas, Colorado, Iowa, Kansas, Louisiana, Minnesota, Missouri, Montana, Nebraska, New Mexico, North Dakota, Oklahoma, South Dakota, Texas, ak Wyoming.
Tanpri pataje mesaj sila a ak fanmi ak zanmi w.
#30#
Commenter cet article