Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


23 juillet 1987-23 juillet 2021. A l'occasion de la commémoration du massacre de Jean Rabel, l'associationTèt Kole Ti Peyizan fait le point sur la situation actuelle.

Publié par siel sur 24 Juillet 2021, 11:31am

Catégories : #AYITI ACTUALITES, #AYITI EXTREME DROITE, #AYITI ECONOMIE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

23 juillet 1987-23 juillet 2021. A l'occasion de la commémoration du massacre de Jean Rabel, l'associationTèt Kole Ti Peyizan fait le point sur la situation actuelle.

« Ki frap pa lepe perira pa le mèm pe » se sa pwovèb la di. Nou konstate ansyen prezidan defakto a tonbe nan pwòp pyèj li kote li viktim menm sistèm ensekirite li te tabli pou simen lanmò ak dlo nan je nan peyi a. Sasinay prezidan defakto a sanble tèt koupe ak zèv lamafya : mafya entènasyonal nan kan enperyalis la, mafya nan mitan oligachi lokal la ak mafya anndan pwòp pati prezidan an, PHTK. Nan sans sa a, nou menm nan TET KOLE TI PEYIZAN NÒDWÈS, nou kondane zak kriminèl sa a paske li pap pèmèt pèp ayisyen an jwenn okazyon pou l tande ansyen prezidan defakto reponn kesyon jij natirèl li pou silans li parapò tout zak kriminèl ki t ap poze kont mas popilè yo ak popilasyon an nan peyi a.

Asosyasyon Nasyonal Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen

Deklarasyon Tèt Kole ti Peyizan Nòdwès nan Okazyon Komemorasyon 34èm Lane Masak  PEYIZAN Janrabèl ak Mawotyè

 

23 jiyè 1987-23 jiyè 2021, sa fè 34 lane depi yon ekip kriminèl fòme ak grandon Janrabèl fanmi Lucas ak Pwatvyen te reprezante, makout, Lame d Ayiti ak chèf seksyon, nan konplisite ak anbasad meriken, te masakre plis pase 139 ti peyizan Gwoupman Tèt Ansanm  Janrabèl ak Bochan, paske peyizan sa yo t ap revandike dwa pou yo jwenn tè pou yo travay, dwa lamanjay ak dwa pou yo òganize yo an granmoun e an tout libète.

34 lane aprè, nou menm delege kòdinasyon Depatmantal TET KOLE TI PEYIZAN NÒDWÈS,  akòz kowona a k ap fè ravaj nan peyi a ak sitiyasyon politik makawon an ki pa pèmèt nou fè gwo manifestasyon piblik jan nou abitye fè sa chak ane pou komemore 23 jiyè ki se dat ki fè nou sonje masak ti peyizan Janrabèl ak Bochan yo nan lane 1987, nou reyini delegasyon ki soti nan kwòdinasyon tout komin depatman Nòdwès la nan Gwobasen, yon lokalite ki sou 1eseksyon Janrabèl, pou reflechi sou reyalite fonksyonman òganizasyon an nan 9 komin nan depatman an ak sou konjonkti politik la ki domine ak 2 pi gwo pwen : ensekirite jeneral ki blayi sou peyi a ak batay k ap mennen pou pouvwa.

Parapò ensekirite a

Nou konstate yon bò, pou kenbe pouvwa l epi satisfè enperyalis la ak yon moso nan boujwazi a, ensekirite a te tounen yon gwo zam nan men gouvènman defakto Jovnèl Moyiz la, atravè bann gang li te simaye nan tout peyi a, prensipalman nan katye popilè Pòtoprens yo ak nan dòt vil epi nan seksyon kominal nan milye riral yo. Prezidan defakto a te sèvi ak ensekirite a sou diferan fòm pou touye, masakre, kidnape, sasinen, vyole, pou simaye laterè ak laperèz nan mitan mas popilè yo ak nan mitan popilasyon an anjeneral.

« Ki frap pa lepe perira pa le mèm pe » se sa pwovèb la di. Nou konstate ansyen prezidan defakto a tonbe nan pwòp pyèj li kote li viktim menm sistèm ensekirite li te tabli pou simen lanmò ak dlo nan je nan peyi a. Sasinay prezidan defakto a sanble tèt koupe ak zèv lamafya : mafya entènasyonal nan kan enperyalis la, mafya nan mitan oligachi lokal la ak mafya anndan pwòp pati prezidan an, PHTK. Nan sans sa a, nou menm nan TET KOLE TI PEYIZAN NÒDWÈS, nou kondane zak kriminèl sa a paske li pap pèmèt pèp ayisyen an jwenn okazyon pou l tande ansyen prezidan defakto reponn kesyon jij natirèl li pou silans li parapò tout zak kriminèl ki t ap poze kont mas popilè yo ak popilasyon an nan peyi a.

Nou kondane zak kriminèl sa a tou paske li enskri nan yon lojik ki pase anba pye fyète ak souvrènte pèp ayisyen an : jis nan lanmò l, ansyen prezidan an pa sispann fè etranje tòchonnen eskanp figi nasyon an.

Sou batay pou pouvwa a

Nou konstate aprè sasinay prezidan defakto a genyen 2 gwo tandans politik k ap goumen pou pouvwa a :

Yon bò pati, òganizasyon ak regwoupman politik ak sosyal tradisyonèl yo, kit sa ki se alye pouvwa anplas la, kit sa ki anba chapo opozisyon an, men ki se sèvitè fidèl enperyalis la, k ap goumen pou kenbe tennfas sistèm dominasyon an kont enterè mas popilè yo. Nan tandans sa a nou wè Claude Joseph, Joseph Lambert ak Ariel Henry plis divès pati ak regwoupman politik sèvitè enperyalis la ki nan opozisyon an.

Yon lòt bò, pati, òganizasyon ak regwoupman politik ak sosyal ki pa danse kole ni ak rejim anplas la, ni ak enperyalis la k ap goumen pou chanje sistèm nan ak mizanplas yon veritab pouvwa tranzisyon koupe fache, nan yon demach konsekan pou rive reyalize yon seri chanjman nan sosyete a anfavè mas popilè yo. Nan tandans pwogresis sa a nou wè Fwon Patriyotik Popilè a (FPP) ak alye li yo epi Komisyon k ap travay pou chache yon solisyon ayisyèn nan kriz peyi a ap travèse.

Nan TET KOLE TI PEYIZAN NÒDWÈS, nan mitan batay politik sa a,  n ap envite pèp ayisyen an pou l chwazi kan li, lè l ap pote kole nan demach kan pwogresis la pou jwenn yon solisyon ayisyèn nan kriz la.  Pou nou nan TET KOLE TI PEYIZAN nou kwè pèp ayisyen an pa dwe janm sispann   goumen pou rive « òganize yon tranzisyon koupe fache, pou reòganize leta a, òganize pwosè sou masak janrabèl, masak lasalin ak tout lòt masak yo jis rive sou masak Kriswa ak Dèlma 32 ki te fèt nan finisman mwa jan. Oganize pwosè sou gagòt lajan petwokaribe a, destabilize gang yo epi relanse rit fonksyònman peyi a, pou n konstwi yon leta granmoun tèt li nan objektif pou konstwi souverènte pèp Ayisyen an sou baz vizyon zansèt nou yo. »

Pou fini, n ap siyale sasinay ansyen prezidan defakto Jovenel Moise la, se pa yon senp senp krim, se yon tantativ lenmi pèp la pou kouri pran devan pou anpeche mas yo rapousib mobilizasyon yo pou te rive dechouke Jovnèl ak pwòp fòs li sou pouvwa a. Nan sans sa a n ap denonse tantativ latroublay ak manèv k ap fèt pou krache sou istwa pèp ayisyen an, lè yo vle fè Jovnèl pase tankou yon ewo nasyonal, lè yo soti pou konpare l ak Desalin  oubyen kòm yon prezidan ki t ap travay pou byennèt pèp ayisyen an.

N ap pwofite denonse tou chwa ekip PHTK a ki deside òganize antèman ansyen prezidan defakto a nan dat 23 jiyè a ki se dat komemorasyon masak sou ti peyizan Janrabèl yo jis pou fè amalgàm, jan Stanley Lucas toujou ap fè nan analiz ak pozisyon l ap pran nan diferan emisyon radyo, televizyon ak sou rezo sosyal yo.

 

Viv lit pèp Ayisyen an

Viv revandikasyon mas popilè yo

Viv jistis ak reparasyon pou peyizan Janrabèl ak Bochan yo

Jitis ak reparason pou tout mask ak tout krim ki fèt sou mas Popilè yo

 

Gwo Basen 23 jiyè 2021

 

POU FEDERASYON TET KOLE TI PEYIZAN NÒDWÈS,

 

  1. Dirogène Momiste :   Kòdonatè depatmantal                    
  2. Pierre Joseph :           Manm Kwòdinasyon Nasyonal
  3. Ismène Calixte :         Manm Kwòdinasyon Nasyonal
  4. Igenel Jean-Baptiste:             Manm Kwòdinasyon Nasyonal
  5. Fedeline Aristide :     sekretè depatmantal

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents