Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Lu sur le net : " Bandi pa revolisyonè" Un message de Konbit Ayisyen pou Kore Lakay (KAKOLA)

Publié par KAKOLA sur 14 Septembre 2022, 14:58pm

Catégories : #LU SUR LE NET, #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #AYITI ECONOMIE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

Feu JOVENEL et ses protecteurs du CORE GROUP; Le fascisme mystique des DUVALIER, une idéologie mortifère, héritée et propagée par les tèt kale.
Feu JOVENEL et ses protecteurs du CORE GROUP; Le fascisme mystique des DUVALIER, une idéologie mortifère, héritée et propagée par les tèt kale.

Feu JOVENEL et ses protecteurs du CORE GROUP; Le fascisme mystique des DUVALIER, une idéologie mortifère, héritée et propagée par les tèt kale.

Date : mar. 13 sept. 2022 à 19:32
Objet : Bandi pa revolisyonèObjektif lèt sa a se pou efase konfizyon ak twoublay ki rete nan tèt kèk moun sou kesyon èske Konbit Ayisyen pou Kore Lakay (KAKOLA) dakò ak ekip Haïti Liberté a (HL) lè yo di Jimmy Cherizier (BBQ) ak G-9 se revolisyonè se pa bandi. Pat dwe gen dout sou sa. Tousuit apre nou te okouran deklarasyon sa a, KAKOLA te rankontre ak Haïti Liberté. Nou te fè yo konprann klè se yon erè kapital, yo konfonn orijin sosyal ak pozisyon politik. Menm si BBQ sot nan mas li pa revolisyonè pou sa.G-9, fanmi ak alye se gangstè yo ye Yo fè tout Krim imajinab: kidnapè, vòlè, boulè kay, kadejakè sou fi tout laj, touye polis, doktè, pwofesè, avoka, pè, mè, ougan, manbo, etidyan, jounalis, travayè, peyizan, elt. G-9 ak alye pa revolisyonè. Revolisyonè gen konsyans klas ak politik. Yo goumen kont ènmi peyi ak pèp la pou chanjman fondalnatal pou retire yo sou pouvwa a. Yo goumen kont laboujwazi santi a. Yo pa alye ak li pou l chita monopòl li. Li pa aksepte

Bandi pa revolisyonè
Objektif lèt sa a se pou efase konfizyon ak twoublay ki rete nan tèt kèk moun sou kesyon èske Konbit Ayisyen pou Kore Lakay (KAKOLA) dakò ak ekip Haïti Liberté a (HL) lè yo di Jimmy Cherizier (BBQ) ak G-9 se revolisyonè se pa bandi. Pat dwe gen dout sou sa. Tousuit apre nou te okouran deklarasyon sa a, KAKOLA te rankontre ak Haïti Liberté. Nou te fè yo konprann klè se yon erè kapital, yo konfonn orijin sosyal ak pozisyon politik. Menm si BBQ sot nan mas li pa revolisyonè pou sa.


G-9, fanmi ak alye se gangstè yo ye Yo fè tout Krim imajinab: kidnapè, vòlè, boulè kay, kadejakè sou fi tout laj, touye polis, doktè, pwofesè, avoka, pè, mè, ougan, manbo, etidyan, jounalis, travayè, peyizan, elt. 
G-9 ak alye pa revolisyonè. Revolisyonè gen konsyans klas ak politik. Yo goumen kont ènmi peyi ak pèp la pou chanjman fondalnatal pou retire yo sou pouvwa a. Yo goumen kont laboujwazi santi a. Yo pa alye ak li pou l chita monopòl li. Li pa aksepte zam byen chè gwo kalib nan men li, ni kòb: sa ta fè l tounen mèsenè.


Revolisyonè goumen kont neyo-kolon ak enperyalis. Nou wè KòGwoup te bal benediksyon, lè madan Lalim te di federe G-9 la se yon bon bagay, ap gen mwens vyolans. Nou konnen si kolon pat tolere yo yo pa ta jwenn tout gwo zam sa yo alòske Ayiti anba anbago zam. Pou kisa yo pa atake yo menm lè yo atake sijè gwo peyi kolon yo.
Revolisyonè pa ka nan konplo ak aparèy leta nan yon gouvènman ilegal, ilejitim, asasen, kowonpi. Revolisyonè toujou goumen kont lapolis ak lame gouvènman reyaksyonè a, kont fonksyonè piblik vòlè. Yo pa mete ansanm ak yo pou yo anpeche katye popilè mobilize nan manifestasyon, grèv ak ouvriye ak peyizan pòv. Gangstè yo pa vle pèp mobilize pou al jete gouvènman restavek blan an mete a, chanje sistèm ni yo pa vle l al patisipe nan eleksyon nan enterè l, si eleksyon ta rive fèt.


Nou ka konprann gen moun ki pran nan konfizyon lè yo sonje jan nou te kanpe ak gwoup Haïti Liberté a pou n defann mas yo kont panzouyis ak opòtinis tout koulè, kit li te fèt an 1991 oubyen 2004. Nou te li koudeta sa yo kòm konplo kont Ayiti ak kont pèp la la boujwazi, sektè opòtinis ak arivis nan klas mwayèn nan te fè sou bagèt Meriken paske yo pa vle wè pèp, yo pat vle Ayiti genyen . Nou te wè fòk nou te konbat yon bann lide ki kite tras yo jouk kounye a. Pa ekzanp yo te di Lavalas pi mal pase Divalye; yo fè popilè egal popilis; an 2004, genyen ki te wè alyans istorik pou fèt ak laboujwazi; genyen ki te tonbe nan panse majik kote yo te di y ap mete ak blan pou yo jete Aristid apre sa ya batay kont blan, elt. An fèt apre chak koudeta, kowalisyon reyaksyonè a al masakre pèp la pa milye nan katye popilè yo.


Kounye a nou pa kanpe ak yo lè yo di BBQ se revolisyonè. Yo nan erè. Gen moun ki kwè yo tounen pwopagandis Ariel ki alye ak G-9. Nou pa gen prèv sou sa. Petèt yo pran nan pèlen opòtinis: yo te bezwen yon baz popilè pou yo bati yon pati politik, y al tonbe nan grès BBQ. Bagay sa a gen danje ladann ni pou militan yo ni pou Haïti Liberté li menm kòm gwoup.


Li ta difisil pou Ayiti pa ta tonbe nan degradasyon sosyal ak ekonomik sa apre represyon ak dezòd rejim Divalye yo, apre represyon systematik lame Dayiti, VSN, FRAP, SIN, Antigang, ak lòt fòs paramilitè fè. Lè nou gade byen se menm wòl fòs fè nwa yo te jwe ant 1986 ak 94 se yo gang yo ap jwe sou yon lòt fòm, pi malouk : teworize mas yo nan katye popilè pou demobilize yo pou fasilite KòGwoup mete gouvènman popetwèl li vle a; leta Ayisyen ap fayi pi mal e blan ap gen kontwòl li nèt; destriksyon moralite, vi sosyal ak ekonomik la ; yo menm rive kraze entegrite teritwa Ayiti: depatman yo pa kominike, bandi anpeche transpò. Tout sa rive paske sistèm bandi etale nan tout Kò sosyete a : nan la boujwazi raketè ki ap jere bandi lari yo , nan fonksyonè leta yo ki fè lyen ant 2 sektè yo.
Revolisyon ap sòti nan katye popilè, nan gwoup de baz, nan òganizasyon baz peyizan ak ouvriye, etidyan, gwoup sivik, elt. Bandi se detwi sa detwi. Revolisyonè konstwi.
Viv Yon Nouvo Endepandans Pou Ayiti ! 
Viv Yon Nouvo Pèp Ayisyen.  
Aba KòGwoup !

Konbit Ayisyen pou Kore Lakay (KAKOLA)

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents