Autour du décès énigmatique du juge Joseph
J'ai lu ce commentaire ici :link Mwen te byen mete an gad kontr divalyeris k'ap fè divèsyon e kontr ti dirijan Ayisyen tèt anfle paske patron dirèk li se blan olye ke li ta sipoze ap sèvi enterè peyi'l an tout respè. Mwen te mansyone pouvwa roz la pou siyale ke se yon seri de vye slogan vides de sens ke crack head la kontinye ap simen sou ekip senj ki ap fè reverans devan'l. Prezidan konpa, bandi legal, revolisyon tèt kale... elatrèy. Se menm vye stil la li kontinye ap simaye sou yon band moun ki aryere. Yo vle trenen pèp malere a lan malpropte mache tèt bese tankou yo. Lè yo fin ranpli poch yo, se do yo vire al gaspiye lajan peyi a. W'ap viv sa an dirèk jodi a.
Sa mwen fini pa remake puiske Konpè Kok ap ensiste sou yon tor kelkonk pou yo ta jwenn lakay jij la, sè ke l'ap afiche menm konpotman tankou lè l'ap pale de Aristid. Pou misye, jij la gen yon tor paske li mouri. Pou li, jis la te bije lan yon move zafè si nèg yo ta reyisi manje'l. Pou yon nèg ki prezante tèt li pou viktim ou pou defansè viktim politik an Ayiti, mwen pa konprand menm atitid li anver jij la.
Mwen bije di w sou bluff lè w ap denonse gouvènman an plas la paske a la verite se FL w pa vle wè. Sipoze ke FL te koze w yon tor kelkonk, omwen di tèt a w ke w gen plis chans ke jij la lan zafè politik Ayiti. Hum!
Commenter cet article