... k' ap betize ak bouch yo te pito rale Delenkan Michel Martelly ki te jis an 4è pozisyon nan eleksyon pou te metel prezidan nan plas Madan Manigat ak anpil kòken, anpil entimidasyon.
Anplis Ekonomis la fè konnen ankò se devan je yo petwo karibe te dilapide, devan je yo y' ap demantibile lapolis, lajistis tounen mache pwason k'ap vann an gwo ak detay, boujwa kontrebandye kidnape tout enstitisyon leta yo pou mete peyi an nan plis mizè, bandi pran kontwòl peyi an pou dekapitalize fanmi yo. Kidonk, Nou pa dwe pran repwòch sa nan men mouche blan devan sitiasyon peyi an pou y' ap di pa gen entèlokitè valab. Pou Fritz Jean chaje moun serye, anpil moun serye nan anpil domenn nan peyi an, gen moun k' ap pran anpil angajman politik sou vi yo, sèl bagay moun serye merite ranfòse dyalòg yo pou kreye yon feso pou n' pran peyi nou an men. Yon ekip blan deside enpoze nan tèt peyi an yon ekip idyo, yon ekip kank, epi y' ap di pa gen moun, pa gen entèlokitè valab lè yo finn fè tout lòbèy yo.
Pawòl vizyon 2000 sa maten an se yon pawòl ki gen nanm, bravo Fritz Jean. M envite nou al koute emisyon istorik sa an podcast sou sit entènèt Vizyon 2000 la ou byen sou Youtube.
INVITE DU JOUR DU LUNDI 03 MAI 2021 ( FRITZ ALPHONSE JEAN ) by radiovision2000
Stream INVITE DU JOUR DU LUNDI 03 MAI 2021 ( FRITZ ALPHONSE JEAN ) by radiovision2000 from desktop or your mobile device
https://soundcloud.com/radiovision2000/invite-du-jour-du-lundi-03-mai-2021-fritz-alphonse-jean
Commenter cet article